App fintech pou Ayiti — Ap dewoule an etap

Lajan Dijital pou Tout Moun

Voye. Resevwa. Peye.
Dkòb se app finansye ou pou voye lajan, peye biznis, epi depoze oswa retire kash nan ajan Dkòb yo.
Sou telefòn ou. Nan kominote ou.

Dkòb
🇺🇸

Dyaspora

Zelle / USD

→
💰

Dkòb

Rezo Finansye

→
👨‍👩‍👧

Fanmi

Kont Dijital

→
🏪

Biznis

Peye & Vann

→
🤝

Ajan

Kash & Sèvis

Koneksyon sa yo ap louvri etap pa etap selon patenarya, tès, ak entegrasyon.
63+
Kont Aktif
18
Biznis
5
Ajan
Cap-Haïtien
Pilòt Aktif

Swen ak dosye ki swiv pasyan an

Pasyan, klinik, lopital, laboratwa ak famasi jwenn espas pa yo pou suiv swen ak dosye yo, selon dwa aksè yo.

Nan tès kontwole

Sèvis sante yo poko louvri pou itilizasyon komèsyal.

01

Pasyan

Gade preskripsyon, lòd laboratwa, referans, dosye ak kat ijans ou.

02

Klinik ak lopital

Kenbe dosye moun nou sèvi yo ak swen nou bay, avèk aksè pou pèsonèl ki otorize.

03

Laboratwa

Swiv lòd egzamen yo ak rezilta yo nan espas etablisman an.

04

Famasi

Swiv preskripsyon yo ak medikaman yo remèt bay pasyan an.

Konekte ak kont Dkòb ou. Administratè etablisman an bay pèsonèl la aksè.

1

Lajan Chak Jou

Moun ak Moun

Voye lajan dirèk bay nenpòt moun ki gen kont Dkòb. Frè a klè davans.

Deja ap mache

Depo & Retrè

Depoze lajan. Retire lajan. Nan ajan Dkòb yo — boutik, lotri, oswa koperativ.

Deja ap mache

Peman Biznis

Peye nan boutik san bezwen pote lajan kash. Lajan transfere nan yon segond.

Deja ap mache

Zelle → Dkòb

Dyaspora voye USD. Ou resevwa Gdes dirèk. Frè klè. Pa gen sipriz.

Nan tès Fè yon ti gade →
2

Sòl & Epargne

Sòl Dijital

Sòl ou a nan telefòn ou. Tout kontribisyon vizib. Pa gen moun ki ka disparèt ak lajan.

Ap teste kounye a Fè yon ti gade →

Kès Kolektif

Mete lajan ansanm. Swiv kontribisyon chak moun. Transparans total.

Nan preparasyon
3

Kredi & Kapital

Prete la pou la

Montan, dire ak frè yo parèt anvan ou konfime.

Nan tès

Kredi pou Biznis

Kòb pou achte machandiz. Lè ou vann, sistèm nan retire pa ti pa ti.

Nan tès

Plane Dijital

Mete kolateral. Resevwa lajan. Règ la aplike. Pa gen negosyasyon anba tab.

Ap vini byento Fè yon ti gade →
4

Kès Popilè & Koperativ

Pon Kès Popilè

Manm Kès Popilè ka voye lajan dirèk nan kont Dkòb yo.

Ap vini byento Fè yon ti gade →

Transparans Odit

Tout tranzaksyon ka verifye. Bati pou satisfè egzijans BRH depi premye jou.

Deja ap mache

Dkòb — Sant Koneksyon Lajan Ou

Dkòb fèt pou rasanble lajan ou nan yon sèl kote. Kont bank, Kès Popilè, dyaspora, ajan, ak biznis ka konekte nan menm sistèm nan — yon sèl sant pou voye, resevwa, peye, epi suiv mouvman lajan ou.

Yon sèl sant pou rasanble sèvis finansye ou yo — bank, Kès Popilè, dyaspora, ajan, biznis, ak kont pèsonèl ou.

🏦 Bank
🤝 Kès Popilè
🇺🇸 Zelle / Dyaspora
💵 Sèvis Kash
🏪 Biznis
🤝 Ajan
👤 Kont Pèsonèl
🔒 Kòf Pwoteje

Dkòb mete yon app finansye nan men ou ak yon rezo finansye pou kominote yo dèyè li — pou konekte Kès Popilè, biznis, dyaspora, ajan, ak tout moun ki bezwen lajan sikile an sekirite.

Biznis peye
Frè sèvis
Ajan touche
Komisyon
Dkòb kenbe
Revni rezo

Peye lekòl yon timoun — menm si se pa pitit ou

Se sa Dkòb fè ki pi rèd: lajan an ale dirèk nan kont lekòl la. Li pa pase nan men pèsonn. Pa gen anyen pou pote, pa gen anyen pou konte.

1

Direktè a — oswa elèv la — voye w yon lyen.

2

Ou louvri l. Ou wè non lekòl la, prenon elèv la, ak egzakteman konbyen ki rete pou peye. Pou gade sa, ou pa bezwen okenn kont.

3

Ou peye ak kont Dkòb ou ak PIN ou. Lajan an rive nan lekòl la, epi biwo a wè l touswit. Pou peye, ou bezwen yon kont Dkòb.

Pou moun k ap peye

Ou pa oblije se paran an. Yon matant, yon monnonk, yon zanmi — nenpòt moun ki gen lyen an ak yon kont Dkòb ka peye. Ou ka peye tout la, oswa yon vèsman.

Nan tès Louvri kont pèsonèl ou →

Pou biwo lekòl la

Ekolaj pa klas, pa peryòd. Bous make kòm bous — pa kòm rabè, pa kòm efase. Yon rejis ki di ki moun ki peye, ki moun ki dwe, epi ki bay repons lan pandan moun nan kanpe devan ou.

Nan tès Biwo Lekòl →

Pou elèv la

Ou wè sa ou dwe ak sa k ap vini: lekòl la montre montan ak dat pwochen vèsman an. Ou ka bay yon moun yon kòd pou l peye pou ou, san ou pa manyen lajan an. Kont sa a se lekòl la ki ba ou li — se pa yon kont Dkòb, pa gen lajan ladan l.

Nan tès Espas Elèv →

Yon lekòl enskri menm jan ak nenpòt biznis, epi moun ki responsab li a dwe se yon moun verifye. Se konsa nou konnen ki moun ki reponn pou lajan an.

Kat Ray Revni

Dkòb pa depann de yon sèl sous revni. Plizyè sèvis kreye yon modèl ki disipline, trasab, ak bati pou dire.
💳

Frè Peman Biznis

Ti frè sou chak vant dijital. Biznis peye yon frè klè sou mouvman yo.

Ap mache
🏧

Frè Ajan & Retrè

Frè sèvis sou depo ak retrè. Ajan touche komisyon. Rezo a kenbe pati pa li.

Ap mache
🇺🇸

Pon Dyaspora

Frè sou konvèsyon dyaspora pou antre nan rezo Dkòb.

Nan tès
📈

Revni Kredi

Frè klè sou nano-prè, kredi biznis, ak Plane dijital lè sèvis sa yo louvri.

Nan preparasyon

Règ ki pa pliye

Dkòb pa mache sou pawòl. Li mache sou règ ki pa ka kraze.

Kòf Pwoteje

Rezèv la dwe respekte limit ki an vigè. Si li desann twò ba, retrè sispann otomatikman.

⛔

Blokaj Otomatik

Si yon bagay pa nòmal — sistèm nan bloke otomatikman. Li pa tann moun deside.

📋

Odit Flash

Chak swa, biznis konte kash. Sistèm nan konpare. EGZAK, MANKE, oswa SIPLI.

📖

Liv Prèv

Chak tranzaksyon kite tras li nan yon liv ki pa ka efase.

Sa k fè Dkòb diferan

Lòt platfòm di:
« Nou la pou ede w. »
Dkòb di:
« Nou la pou respekte règ. »

Diferans sa a enpòtan. Nan yon peyi kote konfyans se pi gwo kapital la, Dkòb pa mande ou kwè — Dkòb montre ou prèv.

Prèv Rezèv — Verifiyab

SOLVAN

Dkòb bati pou prèv rezèv kapab verifye. Sa pa yon pwomès — se yon prensip ki ekri nan kòd la.
Règ aktif
Rezèv Kòf
✓
Prèv Verifiyab
✓
Tras Anrejistre
Prèv la disponib pou verifye · Aksè piblik limite
Antre nan Rezo a
Ajan — depo, retrè, sèvis kash  ·  Biznis — vann, machandiz, fèmen jounen  ·  Kont Pèsonèl — voye, resevwa, suiv kont
Si ou se ajan oswa biznis, mande responsab ou kle aksè a.