DKOB pa yon app.
DKOB se yon rezo finansye ki bati sou règ, transparans, ak disiplin.
Yon sistèm finansye dijital pou Ayiti.
Yon sèl sant pou rasanble sèvis finansye ou yo — bank, Kès Popilè, dyaspora, ajan, biznis, ak kont pèsonèl ou.
Pa yon bank. Pa yon app. DKOB se yon rezo finansye pou kominote yo — yon sistèm koneksyon ki konekte Kès Popilè, biznis, dyaspora, ajan, ak tout moun ki bezwen lajan sikile an sekirite.
Zelle / USD
Rezo Finansye
Kont Dijital
Peye & Vann
Kash & Sèvis
Se sa DKOB fè ki pi rèd: lajan an ale dirèk nan kont lekòl la. Li pa pase nan men pèsonn. Pa gen anyen pou pote, pa gen anyen pou konte.
Direktè a — oswa elèv la — voye w yon lyen.
Ou louvri l. Ou wè non lekòl la, prenon elèv la, ak egzakteman konbyen ki rete pou peye. Pou gade sa, ou pa bezwen okenn kont.
Ou peye ak kont DKOB ou ak PIN ou. Lajan an rive nan lekòl la, epi biwo a wè l touswit. Pou peye, ou bezwen yon kont DKOB.
Ou pa oblije se paran an. Yon matant, yon monnonk, yon zanmi — nenpòt moun ki gen lyen an ak yon kont DKOB ka peye. Ou ka peye tout la, oswa yon vèsman.
Nan tès Louvri kont pèsonèl ou →Ekolaj pa klas, pa peryòd. Bous make kòm bous — pa kòm rabè, pa kòm efase. Yon rejis ki di ki moun ki peye, ki moun ki dwe, epi ki bay repons lan pandan moun nan kanpe devan ou.
Nan tès Biwo Lekòl →Ou wè sa ou dwe ak sa k ap vini: Pwochen vèsman 5 000 G — 2026-10-01. Ou ka bay yon moun yon kòd pou l peye pou ou, san ou pa manyen lajan an. Kont sa a se lekòl la ki ba ou li — se pa yon kont DKOB, pa gen lajan ladan l.
Nan tès Espas Elèv →Yon lekòl enskri menm jan ak nenpòt biznis, epi moun ki responsab li a dwe se yon moun verifye. Se konsa nou konnen ki moun ki reponn pou lajan an.
Voye lajan dirèk bay nenpòt moun ki gen kont DKOB. Frè a klè davans.
Deja ap macheDepoze lajan. Retire lajan. Nan ajan DKOB yo — boutik, lotri, oswa koperativ.
Deja ap machePeye nan boutik san bezwen pote lajan kash. Lajan transfere nan yon segond.
Deja ap macheDyaspora voye USD. Ou resevwa Gdes dirèk. Frè klè. Pa gen sipriz.
Nan tès Fè yon ti gade →Sòl ou a nan telefòn ou. Tout kontribisyon vizib. Pa gen moun ki ka disparèt ak lajan.
Ap teste kounye a Fè yon ti gade →Mete lajan ansanm. Swiv kontribisyon chak moun. Transparans total.
Nan preparasyon100–500 Gdes. 3–7 jou. Frè a klè — pa gen enterè k ap ogmante.
Nan tèsKòb pou achte machandiz. Lè ou vann, sistèm nan retire pa ti pa ti.
Nan tèsMete kolateral. Resevwa lajan. Règ la aplike. Pa gen negosyasyon anba tab.
Ap vini byento Fè yon ti gade →Manm Kès Popilè ka voye lajan dirèk nan kont DKOB yo.
Ap vini byento Fè yon ti gade →Tout tranzaksyon ka verifye. Bati pou satisfè egzijans BRH depi premye jou.
Deja ap macheTi frè sou chak vant dijital. Biznis peye yon frè klè sou mouvman yo.
Ap macheFrè sèvis sou depo ak retrè. Ajan touche komisyon. Rezo a kenbe pati pa li.
Ap macheFrè sou konvèsyon dyaspora pou antre nan rezo DKOB.
Nan tèsFrè klè sou nano-prè, kredi biznis, ak Plane dijital lè sèvis sa yo louvri.
Nan preparasyon« Nou la pou ede w. »
« Nou la pou respekte règ. »
Diferans sa a enpòtan. Nan yon peyi kote konfyans se pi gwo kapital la, DKOB pa mande ou kwè — DKOB montre ou prèv.
Rezèv la pa janm dwe desann anba 25%. Si li desann twò ba, retrè sispann otomatikman.
Si yon bagay pa nòmal — sistèm nan bloke otomatikman. Li pa tann moun deside.
Chak swa, biznis konte kash. Sistèm nan konpare. EGZAK, MANKE, oswa SIPLI.
Chak tranzaksyon kite tras li nan yon liv ki pa ka efase.